Nan dènye rapò trimestriyèl "Bureau intégré des Nations-Unis en Haïti" (BINUH) mete deyò madi 4 fevriye 2025 lan, yo fè konnen gen 1732 moun ki mouri ann Ayiti nan katriyèm trimès ane 2024 la.
BINUH presize se pa vyolans gang yo sèlman ki lakoz kantite moun sa yo pèdi lavi yo, soti 1e oktòb pou rive 31 desanm 2024.
Li site tou gwoup otodefans yo kòm youn nan koz ki touye yo.
BiNUH rapòte yon lòt bò genyen 411 moun ki blese toujou lakoz vyolans gang yo ak gwoup otodefans yo.
Li di tou 77% nan viktim sa yo se gason, 19% nan yo se fanm, 4% nan yo se timoun.
Biwo María Isabel Salvador ap dirije a eksplike yon gwo pati nan “abi” sa yo fèt nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.
Apresa se nan Latibonit nou jwenn plis ka, Depatman Sant ak Nò vini annapre.