Netanyahu di Trump Envite l Washington

Foto Achiv: Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Jeruzalem, 16 Jiye, 2024.

Foto Achiv: Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu nan Jeruzalem, 16 Jiye, 2024.

Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu di Prezidan Donald Trump envite l nan Lamezonblanch 4 Fevriye.

Se pral premye fè Netanyahu tounen premye lidè etranje ki vizit Washington anba dezyèm manda Trump la.

Netanyahu anonse plan li pou vizit la Madi.

Nouvèl la tonbe nan moman Etazini ap presire Izrayèl ak Hamas pou yo kontinye respekte seselfe ki kanpe konfli Gaza a ki dire 15 mwa.

Nan Gaza, foul Palestinyen ki te oblije kouri kite kay yo tap pran chimen difisil pou tounen lakay yo nan no a pou yon dezyèm jounen Madi. Pandansetan, seselfe frajil la toujou an plas.