Prezidan fransè a Emmanuel Macron Dimanch 26 janvye a te mande Premye Minis Izrayelyen an pou l "retire fòs li yo ki toujou prezan nan Liban"
Se Biwo prezidan an ki te soti nòt sila, kote yo di ke 2 lidè yo te pale nan telefòn.
Nan nòt la Palè Elysee a di:"Prezidan Repiblik la te ensiste bay Premye Minis la enpòtans pou asire ke anyen pa konpwomèt efò nouvo otorite Libanè yo fè pou retabli otorite eta a sou tout teritwa peyi yo."