TRUMP: Pandan li tap diskite sou dezi li pou Etazini reprann kontwol Kanal Panama a, misye deklare: "bato Ameriken yo ap peye tèt nèg e yo pa trete yo yon fason jis ditou-ditou - e Fos Naval Etazini an ladann tou. Sak pi rèd la se Lachin ap opere Kanal Panama a."
VERITE A: Responsab Panama yo demanti deklarasyon Trump fè pou di Lachin ap opere kanal la e ke Etazini ap peye tèt nèg. Ricuarte Vasquez, administratè kanal la deklare nan yon entèvyou ak ajans nouvèl Associated Press ke "pa gen okenn diskriminasyon nan frè yo."
"Règ pri yo inifom pou absoliman tout moun ki pase nan kanal la e yo klèman defini," misye deklare.
Vasquez ajoute ke Lachin pa opere kanal la. Li souliyen konpayi Chinwaz kap opere nan po yo nan bouch kanal la se yon konsosyom Hong Kong ki te ranpote pèmisyon pou l fè sa pandan yon pwosesis ki te dewoule an 1997. Li di konpayi Ameriken ak Taiwanèz yo ap opere nan po kanal la yo tou.
Vasquez souliyen kanal la paka bay bato ki flote drapo Ameriken tretman espesyal akoz yon trete netralite yo siyen. Li di demann pou fè eksepsyon se bagay yo rejte tout tan paske pwosesis la klè e yo pa ka fè varyasyon abitrè. Sèl eksepsyon pou trete netralite a se pou bato lagè Ameriken yo ki resevwa yon pasaj pi rapid pase lot bato yo.
Trump plenyen pou frè ki ogmante anpil pou bato kap travèse kanal la e li refize ekate posibilite pou Etazini ta sèvi ak fos militè pou sezi kontwol kanal la.
Etazini te bati kanal la nan komansman ane 1900 yo pandan li tap chache mwayen pou fasilite tranzit bato komèsyal ak militè ant kot li yo. Washington te remèt kontwol kanal la bay Panama 31 Desanm 1999 anba yon trete ke Prezidan Jimmy Carter, yon Demokrat, te siyen an 1977.