Chak 10 Minit yon Fanm Mouri nan Mond lan Anba men Pwòch li

Protest to mark the International Day for Elimination of Violence Against Women, in Paris

An 2023, omwen 85,000 fanm ak tifi jwenn yon lanmò planifye nanmond lan, pifò nan men pwòch yo, dapre done Nasyonzini pibliye lendi, yon "nivo ki bay kè sote" pou krim ki ta ka "evite".

"Kay toujou rete kote ki pi danjre" pou fanm yo, 60% nan yo viktim "patnè yo oswa lòt manm nan fanmi yo", dapre rapò sa a ki soti nan Biwo Nasyonzini kont Dwòg ak Krim (ONUDC) nan Vyèn ak ONI Fanm nan Nouyòk. Sa reprezante 140 viktim chak jou oswa youn chak 10 minit.

Fenomèn sa a "depase fwontyè, afekte tout kategori sosyal ak gwoup laj", zòn Karayib la, Amerik Santral, ak Lafrik se rejyon ki pi afekte, devan Azi.
Nan kontinan Ameriken an ak Ewòp, se souvan patnè yo ki responsab feminisid yo, pandan nan lòt rejyon nan mond lan, se lòt manm nan fanmi yo ki plizyè fwa koz la.

Anpil viktim te deja rapòte vyolans fizik, seksyèl, oswa sikolojik anvan yo te mouri, dapre done ki disponib nan kèk peyi, tankou Lafrans. "Sa a montre anpil ka te ka evite," rapò a ensiste, pa egzanp ak "mezi entèdiksyon jidisyè."

Nan rejyon kote yo ka etidye tandans lan, to feminisid yo swa rete menm oswa diminye sèlman yon ti kras depi 2010, sa ki montre vyolans sa a "rasinen nan pratik ak nòm" epi li difisil pou elimine, dapre ONUDC ki te analize done ki soti nan 107 peyi.

Malgre efò ki fèt nan plizyè peyi, "feminisid yo rete nan yon nivo ki bay lapèrèz," dapre otè rapò yo. Men, "sa a pa yon fatalite," selon direktè ONI Fanm, Sima Bahous, ki site nan yon kominike, pandan li ankouraje peyi yo pou yo fè lwa pi sevè ak ranfòse koleksyon done yo.