"Nou te deside fè apèl ijan ak anbasadè (venezyelyen an) Manuel Vadell pou konsiltasyon (...) Nou te fè apèl jodi a a chaje dafè (...) Brezil," selon tèks kominike Ministè Afè Etranjè Venezyela a.
"Nou denonse konpòtman irasyonèl diplomat Brezilyen yo ki, malgre apwobasyon lòt manm Brics yo, te adopte yon politik blokaj," tèks la kontinye.
Karakas voye jete tou "ak tout fòs li tout entèferans ki ap fèt souvan ak deklarasyon grosye ki soti nan men pòtpawòl gouvènman Brezil la, espesyalman sa yo ki soti nan men konseye espesyal pou Afè Etranjè, Celso Amorim (...) ki konpòte li plis kòm yon mesaje pou enperyalis ameriken an."
Ministè Afè Etranjè Brezilyen an pa gen okenn plan pou pran mezi resipwòk pou kounye a: "Nou pral kontinye evalye" sitiyasyon an, se sa yon fonksyonè nan ministè a ki pa t vle non l site te di bay AFP.
Prezidan Asanble Nasyonal la, Jorge Rodriguez, youn nan moun ki pi pwisan nan pouvwa venezyelyen an, te pwopoze pou deklare M. Amorim "persona non grata", akize li espesyalman pou "enjerans" ak "atitid feblès san parèy li devan plan agresif enperyalis" ameriken an.
Antòtye nan yon kriz ekonomik ki san bout, ki vin pi grav ak sanksyon ameriken, Karakas te vreman swete antre nan Brics pandan somè ki te fèt nan Kazan (Russie) semenn pase a. Malgre sipò Larisi, li te fè fas ak veto Brazilia.
Karakas te reyaji ak fòs sou veto Brezil la vandredi ak yon kominike ki pat mete dlo nan bouch li pou pale de : "agresyon", "jès ostil", "ineksplikab ak imoral".
Prezidan Nicolas Maduro te mande tokay brezilyen li, Lula, pou li pran pozisyon parapò ak ministè afè etranjè Brezil la, ki dapre li se "yon pouvwa anndan pouvwa brezil la depi anpil ane (...) ki toujou konspire kont Venezuela (...) ki mare sosis li ak Depatman Deta ameriken an depi epòk koudeta kont (Prezidan brezilyen) Joao Goulart an 1964."