Etazini ap Mennen Ankèt Sou Yon Dokiman Ki Gen Ladann Plan Pou Izrayèl Atake Iran ki Pran Lari

Biden Netanyahu

WASHINGTON (AP) — Etazini ap mennen ankèt pou konnen kòman yon dokiman sekrè fè pran lari.

Dokiman klasifye sa ki te parèt sou telegram e li gen ladann plan Izrayèl genyen pou atake Iran apre dènye atak Iran te fè sou yo 1 Oktòb.

Dokiman an montre mouvman materyèl militè ke Izrayèl ap fè pou lanse yo atak militè an repons a atak misil balistik Iran an.

3 ofisyèl Ameriken te di The Associated Press ke otorite ameriken yo toujou ap mennen ankèt pou konn kòman dokiman yo pran lari, epi tou chèche konnen si se pa pirate yo pirate yo.

Yon katriyèm ofisyèl ameriken te di dokiman ki pibliye yo parèt lejitim.

Militè Izrayelyen an pa t reponn imedyatman a yon demann pou bay reyasksyon sou 2 dokiman sa yo ki te sou entènèt Vandredi sou Telegram nan.

Enfòmasyon yo te parèt nan dokiman kote yo evalye preparasyon pou atak la te fèt atravè itilizasyon analiz imaj satelit.