Biwo Avoka Gouvènman Swedwa ap Mennen Ankèt sou Dosye "kadejak" Kote Non Mbappé Site

France's forward #10 Kylian Mbappe reacts after losing the UEFA Euro 2024 semi-final football match between Spain and France at the Munich Football Arena in Munich on July 9, 2024. (Photo by FRANCK FIFE / AFP)

Biwo pwokirè Swèd la konfime Madi li ap mennen yon ankèt sou kadejak apre vizit Kylian Mbappé ak antouraj li semenn pase a nan Stockholm, san pou otan mansyone okenn non, men avoka jwè a afime li pa gen "pa gen anyen pou repwoche l".

Dapre medya Swedwa, sipèsta a twouve l nan sant ankèt yo.

Kylian Mbappé "sezi" wè non l site nan koneksyon avèk yon ankèt sou kadejak, men li "kè pòpòz" paske "li pa gen anyen pou repwoche tèt li," dapre sa avoka, kapitèn ekip foutbòl fransè a, Me Marie-Alix Canu-Bernard te di AFP.

Me Canu-Bernard te deklare tou li ta pral "depoze yon plent pou difamasyon (...) paske li enposib pou pèmèt yo fè kalomni ak difamasyon nan fason sa a".

AFP te kontakte avoka pleyan an, men yo te refize fè kòmantè sou dosye plent sa a.

Depi Lendi, apre premye enfòmasyon sou ankèt sa a, Mbappé denonse "fo nouvèl" sou rezo sosyal yo, li te fè lyen ant seyans konsènan bouch louvri sou kesyon lajan li genyen ak PSG ki te fèt nan Madi nan Paris.

Apre yo fin fè rapò sou vwayaj 2 jou li nan Stockholm, 2 jounal Swedwa, Aftonbladet ak Expressen, fè konnen atakan fransè a vize nan yon ankèt pou kadejak. Chèn televizyon piblik SVT rapòte soupson sa yo tou.