Liban: 16 Moun Mouri, 52 Blese nan Atak Izrayelyen sou Nabatiyeh

Lafimen monte apre frap ayeryen Izrayelyen yo kont ilaj Nabatiyeh, nan Liban, 23 Sept. 2024.

Atak Izrayelyen yo sou Nabatiyeh, yon gwo vil nan sid peyi Liban, lakoz lanmò 16 moun ak 52 lòt soti blese Mèkredi, dapre rapò Ministè Sante a.

Dapre ofisyèl majistra a, ak plizyè konseye minisipal yo, doktè ak yon travayè sekou pèdi lavi yo nan atak la.

Apre atak sa yo lame Izrayelyen ki nan lagè ouvè ak gwoup Hezbollah pou plis pase twa semèn nan peyi Liban.

Anvwaye Nasyonzini an nan peyi Liban mande pou "pwoteje sivil ak enfrastrikti sivil"nan peyi a.

Gouvènè Howaida Turk te dekri atak sou meri kòm "masak".