Netanyahu Pwomèt L ap "San Pitye" nan Frap sou Ezbola libanè a

Israel Palestinians

Premye minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, afime Izrayèl pral kontinye "frap san pitye sou Ezbola" nan Liban, apre atak ki pi mòtèl mouvman patizan Iran yo fè sou teritwa Izrayèl la nan prèske yon mwa apre eskalasyon lagè a nan Liban.

Atak dwòn mouvman islamis libanè a te fè dimanch sou yon baz militè nan Binyamina, nan nò Izrayèl, te lakoz lanmò 4 sòlda e te fè plis pase 60 blese dapre sa sèvis sekou yo rapòte.

"Mwen vle klè: nou pral kontinye frape Ezbola san pitye nan tout pati Liban, enkli Bewout ," se sa M. Netanyahu te deklare pandan yon vizit sou baz sa a.

Lendi, yon frap Izrayelyen te touye 21 moun, daprè minis sante libanè a, nan vilaj kretyen Ayito, nan nò Liban.

Se premye fwa vilaj sa a sibi atak tankou sa ki fèt dènyèman yo, ki te vize sitou zòn kote Ezbola chiyit la pi solid, nan sid ak lès Liban ansanm ak katye sid Bewout.

Dapre yon fotogwaf AFP, batiman sa yo te vize a, ki sitiye a antre vilaj la, te demoli.

Apre plizyè mwa konfwontasyon sou fwontyè a ant Izrayèl ak Ezbola, alye Amas palestinyen an, lame Izrayelyen an te ogmante atak ayeryen li yo sou Liban depi 23 septanm, epi li te lanse operasyon tèrès 30 septanm.