Paris: Otorite yo Fouke Kemi Seba

FILES-FRANCE-POLITICS-RACISM-COLONIALISM

Kemi Seba, yon "panafricaniste " peyi Benin ke yo konnen nan mond lan pou pozisyon anti-Oksidantal li yo, e ke Lafrans wete nasyonalite franse li Jiyè pase a, jwenn arestasyon li Lendi 14 oktòb la nan vil Paris.

Vrè non li se Stellio Gilles Robert Capo Chichi. Li se ansyen lidè Tribu Ka a, yon ti gwoup ki tap defann separasyon ant Nwa ak Blan anvan ke gouvènman fransè a te kraze li an 2006.

Yo te kondane misye plizyè fwa an Frans anba akizasyon kom kwa li te chofe tèt popilasyon an sou sa ki gen rapò ak aktivite rasyal ak rayisman.

Pou kounyea AFP di yo pa konn pou ki rezon yo arete "panafricaniste " la.