Azi

Taywann di li te Detekte yon Gwoup Bato gad kòt Chinwa Alantou Zile l la

In this screen grab from video released by the Taiwan Coast Guard, a view of a China Coast Guard boat from a Taiwan Coast Guard boat as it passes near the coast of Matsu islands, Taiwan on Oct. 14, 2024.

Gad kot Taywann yo te di Lendi yo te detekte yon gwoup bato ki soti kay vwazen Chinwa yo a ozalantou Taywan, apre Peken te lanse mannèv militè ki te mobilze avyon ak bato tou pre zile a.

Gad Kòt taywanè yo te di nan yon kominike "Plizyè bato" te travèse liy nan mitan kanal Taywann– N ap fè referans ak liy ki koupe kanal 180 kilomèt lajè sa a ant zile a ak teritwa peyi Lachin -- epi yo te rete "nan dlo nò, sidwès ak lès nou yo tankou yo te nan yon konvwa,”.