Siklòn Milton: 16 Moun Mouri, Plizyè Milyon Kay nan Blackout nan Florid

A member of the Pasco County Sheriff's Office goes out to help residents trapped in their homes as waters rise after Hurricane Milton caused the Anclote River to flood, , in New Port Richey, Florida, Oct. 11, 2024.

Otorite yo nan Florid te di Vandredi 11 oktòb la, gen omwen 16 moun ki pèdi lavi yo pandan pasaj siklòn milton nan, e plizyè lòt milyon moun toujou pa gen kouran lakay yo nan moman kote sitwayen sa yo ap chèche rekòmanse ak lavi yo.

Plis pase plizyè milyon kay ak biznis nan eta Florid toujou san kouran, dapre sa ofisyèl yo te di, e kèk zòn eta kote tanpèt la te pase atravè toujou inonde.

Gouvènè Ron DeSantis te avèti Vandredi gen kote " dlo kontinye ap monte."

Nan yon konferans pou laprès nan Mezon Blanch, Prezidan Ameriken, Joe Biden te di ekspè yo te evalye pri domaj tanpèt la rive nan 50 milya dola.

Repons federal la nan gwo tanpèt la -- ak Siklòn Helene, ki te devaste yon pati nan sidès Etazini 2 semèn desa.

Nan mitan kesyon ki ap poze eske gouvènman federal la te finanse adekwatman pou jan de katastwòf natirèl sa yo, prezidan an te mande Kongrè ameriken an pou l "miltipliye" efò li yo, sitou pou ranfòse ti biznis ke siklòn yo vrèman sakaje...