Brezil: Rezo Sosyal X Rekòmanse Fonksyone Apre 40 Jou Sispansyon

This illustration photograph shows the logo of social network X (formerly Twitter) and a photograph of CEO of social network X, Elon Musk displayed on a smartphone in Brussels on September 27, 2024. (Photo by Nicolas TUCAT / AFP)

Rezo sosyal X disponib ankò madi a nan peyi Brezil, apre 40 jou sispansyon platfòm Elon Musk la te ranpli kondisyon Lakou Siprèm yo ki gen pou wè ak lit kont dezenfòmasyon.

Jij Lakou Siprèm Alexandre de Moraes, ki te bay lòd pou bloke l 30 out la, te deside leve sispansyon sa a Madi swa.

Pou l te tounen disponib ankò nan pi gwo peyi Amerik Latin, X te oblije efase kont yo sispèk ki t ap fè dezenfòmasyon, pifò ladan yo sete sipòtè ansyen prezidan ekstrèm dwat Jair Bolsonaro (2019-2022).

Ansyen Twitter a te oblije peye amann ki totalize 28,6 milyon reyal (anviwon 4,8 milyon ewo) epi nonmen yon nouvo reprezantan legal nan Brezil.

Itilizatè yo te akeyi retou sa ak antouzyasm, mo kle tankou "Voltamos" ("Nou retounen") oswa "Como é bom estar de volta" ("Li bon pou retounen") te prezan nan pòs ak diskisyon yo.