Nikaragwa: Omwen 278 Jounalis Oblije Kite Peyi a Depi 2018

FILE - Nicaraguan journalist Miguel Mora speaks to the press after his release from prison, at his home in Managua, June 11, 2019.

Omwen 278 jounalis te oblije kite Nikaragwa pou chape anba presyon rejim Prezidan Daniel Ortega a depi apre manifestasyon opozisyon an 2018, dapre Fondasyon pou Libète Ekspresyon ak Demokrasi (FLED).

Dapre rapò ONG ki ap opere depi nan Kosta Rika soti chak trimès, , 15 jounalis, fotogwaf oswa lòt pwofesyonèl medya te pran chemen egzil ant jiyè ak septanm.

Rapò sa ki pibliye Lendi 7 oktòb la , ki denonse tou refòm legal Managwa apwouve pou fèmen bouch sila ki opoze li yo di "Ogmantasyon represyon leta te fòse plizyè nan yo ale nan mawon epi pouse lòt retire kò yo nan pwofesyon an pou yo ka sove vi yo" .

Mwa jiyè a, ki te anivèsè viktwa revolisyon sandinis la an 1979, "te make yon peryòd espesyalman difisil pou jounalis nan Nikaragwa", dapre sa ONG a te konstate.

Rapò a mete aksan sou mwa sa a, kote jounalis yo "te fè fas a yon ogmantasyon enkyetan asèlman, fouy ak vòl nan ekipman" e depi lè sa a, jounalis Nikaragweyen Fabiola Tercero twouve li "nan yon sitiyasyon disparisyon fòse."

FLED te di: “Okenn antite gouvènman an pa t bay enfòmasyon sou kote li ye, epi li pa t fè pati gwoup (135) Nikaragweyen yo te libere nan prizon epi yo te egzile nan Gwatemala nan dat 5 septanm nan.

ONG a te kritike tou refòm lwa sou sibèkriminalite, ki te ogmante pèn yo epi ki vin louvri posiblite pou kondanasyon pou piblikasyon sou rezo sosyal yo.