Xi di Putin li Pare pou l 'Devlope' Relasyon Sino-Ris

Russia-China

Prezidan Chinwa Xi Jinping te di tokay Ris li a Vladimir Putin nan Mèkredi li pare pou "devlope" koperasyon ant Moskou ak Peken, pandan yo t ap fè echanj felisitasyon nan kad 75 zyèm anivèsè relasyon diplomatik bilateral yo, dapre sa medya leta yo rapòte.

Ajans nouvèl Xinhua te rapòte, Mesye Xi ensiste pou l di Lachin “pare pou rejwenn Mesye Putin nan devlope yon koperasyon pragmatik mondyal ant de peyi (yo)."

Dapre menm sous la prezidan Chinwa a te di chèf Kremlin an "Yon zanmitay pèmanan, bon vwazinaj, kòdinasyon estratejik konplè ak koperasyon mityèl benefik pou chak pati yo te vin karakteristik ki pi esansyèl nan relasyon bilateral ant Lachin ak Larisi."

Lachin pa pran pati nan konfli ak Ikrèn nan epi li fè konnen p ap bay youn nan yo zam. Men, Ameriken ak Ewopeyen yo toujou akize l di l ap ofri Larisi, ki anba gwo sanksyon Loksidan, sipò ekonomik konsiderab pou moman gè a.

Nan lane 2023, komès ant Lachin ak Larisi te bat gwo rekò.

Moskou ak Beijing di yo opoze ak "ejemoni Loksidan" patikilyèman sa yo wè kòm dominasyon Ameriken nan sa ki konsène mond lan.