"Plis pase 100 Viktim" Akize Rapè Ameriken P. Diddy pou Agresyon Seksyèl

Sexual-Misconduct-Diddy

Madi 1ye oktòb 2024 la plizyè viktim pote plent kont P.Diddy pou agresyon seksyèl.

Tony Buzbee se avoka ki ap reprezante moun sa yo te anonse "Plis pase 100 viktim" akize sipèsta P. Diddy pou agresyon seksyèl, yo pral rele rapè Ameriken an nan tribinal.

"Sa a se yon dosye enpòtan nou gen entansyon trete l ak raj," avoka a ki baze nan Texas te di nan yon deklarasyon, kote l t ap mande èd moun ki nan mond mizik ak divètisman an.

"Si ou te viktim oswa temwen konpòtman endesan sa yo, mwen mande nou tanpri pou nou manifeste nou."

Nouvo akizasyon sa yo vin ajoute sou pwoblèm ke P. Diddy deja ap fès fas ak lajistis kote li fèmen aktyèlman nan prizon san kosyon apre depi plizyè mwate gen anpil plent ki te depoze kont li pou agresyon seksyèl.

Biwo pwokirè federal la nan Manhattan akize l paske l itilize “Notoryete l” nan mond mizikal la pou kreye yon sistèm vyolans ak trafik sèksyèl.

Revelasyon ki konsène li yo te deklanche ak yon plent ansyen patnè li, chantè Cassie.

Depi apre sa a, anpil viktim te fè menm jan an .

Medam sa yo dekri atis la kòm yon predatè seksyèl vyolan, ki te itilize alkòl ak dwòg pou l ka kontwole yo.

Rapè a bò kote pal demanti akizasyon sa yo.

Atis la yo konnen sou non Puff Daddy, P. Diddy, oswa Diddy, li te tabli tèt li kòm yon gwo potanta sou kot lès la nan domèn hip-hop, nan mikwo oswa nan pwodiksyon.

Li te akimile yon kokennchenn richès pandan pliyè deseni gras a aktivite li yo epi biznis alkòl.