Ayiti: Abinader Anonse "Mezi Drastik" Si Toutfwa Misyon Fòs Milti Nasyonal la Echwe

UN General Assembly

SAN JUAN, Porto Rico (AP) — Prezidan Repiblik Dominikèn nan avèti administrasyon li a ap pran "mezi drastik" pou pwoteje peyi l (Sendomeng) si misyon fòs milti nasyonal la echwe an Ayiti.

Prezidan dominiken an Luis Abinader ki te pran lapawòl pandan Asanble Jeneral Nasyonzini pa t bay detay sou mezi li ka pran si tout fwa misyon an ta echwe an Ayiti.

Li deklare misyon aktyèl la dwe tabli byen pou eleksyon lib ak transparan ka fèt an Ayiti, li ajoute si misyon an echwe, "Ayiti pap lwen kraze."

Ayiti pataje zile Hispaniola avèk Repiblik Dominikèn.