Kenya Gen Entansyon Ogmante Fòs Miltinasyonal Ayiti a a 2,500 Manm Anvan Janvye 2025

Prezidan Kenya, William Ruto, pran la pawol pandan yon rankont bilateral ak Premye Minis Britanik la Keir Starmer nan Asanble Jeneral LONU, 25 Sept. 2024.

Prezidan Kenya William Ruto pwononse yon diskou devan Asanble Jeneral Nasyonzuni Jedi kote li te pale sou Ayiti.


"Mwen felisite lideship politik Ayiti pou ako li siyen epi pwomes li fe pou pran mezi pou eleksyon lib onet e demokratik ka dwoule an Ayiti. Nou tre rekonesan pou sipo finansye ak lojistik Lezetazini, Kanada ak lot peyi manm yo kap ede nou pote chay la ba nou. Se yon sipo esansyel pou MSS la jiskaprezan. Men Kenya ak lot peyi Karayibeyen ak Afriken yo pare pou deplwaye plis polisye. Sa ki anpeche nou fe sa se ekipman nou manke, lojistik ak finansman."

William Ruto mande kominote entenasyonal la apiye misyon fos Sekirite Miltinasyonal la ke peyi Kenya ap dirije epi felisite Polis nasyonal Ayiti pou pwogre li fe pou retabli sekirite nan anpil kominote gang ame yo te pran daso.

Kenya gen entansyon deplwaye polisye adisyonel an Ayiti pou ogmante fos la a 2 mil 5400 polisye anvan mwad Janvye 2025, dapre sa William Ruto di nan LONU.