Yon Fanm di 'Diddy' te Fè Kadejak Sou Li, E Te Fè Videyo Zak la

Sean "Diddy" Combs appears before U.S. Magistrate Judge Robyn Tarnofsky in New York federal court

LOS ANGELES — Yon lòt fanm akize devan lajistis gwo palto nan mizik la Sean "Diddy" Combs, ak chèf sekirite li, li fè konnen yo te vyole li nan estidyo anrejistreman ki nan New York la an 2001.

Thalia Graves te depoze plent sa madi nan tribinal federal New York.

Li fè pati lis dènye moun ki pote plent kont Combs, ki fèmen nan prizon sa gen deja yon semènn pou akizasyon federal trafik sèks.

Graves di mesye yo fè videyo kote yo tap fè kadejak sou li a.

Combs te plede pa koupab ak akizasyon kriminèl ke lajistis gen kont li yo, avoka li a di ke li inosan.

Reprezantan li yo pa t reponn imèl AP te voye ba yo pou mande kòmantè yo sou dènye pwosè a.