Etazini Pral Bay "Ide Konkrè" pou Tansyon Yo Poze Sou fwontyè Liban-Izrayèl la

Lafimen monte apre frap ayeryen Izrayelyen yo kont ilaj Nabatiyeh, nan Liban, 23 Sept. 2024.

Dapre sa yon responsab ameriken fè konnen nan yon deklarasyon lendi 23 septanm 2024, Etazini ap gen pou l prezante pandan Asanble Jeneral Nasyon Zini an "ide konkrè" pou bese tansyon ki gen sou fwontyè ant Izrayèl ak Liban an.

E yo pap dakò pou izrayelyen yo itilize tèritwa Liban an pou atake Ezbola.

Responsab la a te di nan New York "Nou gen ide konkrè nou pral diskite semènn sa a ak alye, patnè nou yo."

Frap izrayelyen kont Ezbola a te lakòz omwen 492 moun pèdi lavi yo nan sid peyi Liban lendi, pami yo 35 timoun dapre sa otorite peyi a rapòte.