Lajistis Venezyela ak Ajantin Mande Arestasyon Prezidan Peyi Opoze a

This handout picture released by Miraflores Press Office shows Venezuela's President Nicolas Maduro speaking during his television program in Caracas, on November 20, 2023.

Lakou Siprèm Venezyela valide lendi yon manda arestasyon kont prezidan ajanten an Javier Milei, anvan sa lajistis nan peyi Ajantin bò kote pa l te bay lòd pou fouke prezidan venezyelyen Nicolas Maduro.

Desizyon Lakou Siprèm (Pi gwo Tribinal nan peyi sa) venezyelyen tonbe apre yon demann ki sòti nan men pwokirè jeneral Tarek William Saab nan dat 18 septanm 2024 la, kote l tap mande manda arestasyon kont M. Milei, men tou kont minis sekirite a Patricia Bullrich, ak sekretè jeneral prezidans Ajantin lan Karina Milei, nan kad yon dosye avyon venezyelyen ki te sezi an jiyè 2022 nan Buenos Aires epi voye Ozetazini.

Mezi sa a plis gen yon karaktè simbolik, paske chans pou prezidan ekstrèm liberal ajanten an, minis li oubyen sekretè jeneral prezidans li an ta vini nan peyi Venezyela, kote mezi sa a ka aplike piti anpil.

Twa moun sa yo gen akizasyon vòl grav, blanchiman lajan, vyolasyon ilegal libète moun, enjerans ilegal nan sa ki konsène sekirite operasyonèl aviyasyon sivil, ak itilizasyon avyon.

Konfli nan mitan de peyi yo kòmanse depi 8 jiyè 2022, lè lajistis ajanten te deside kenbe yon avyon kago venezyelyen sou teritwa li. 19 manm ekipaj la te jwenn arestasyon, yo tou, men yo ta pral libere yo an apre. Pami yo, te gen senk Iranien, youn ladan yo, selon Washington, ansyen kòmandan Gadyen Revolisyon an, yon òganizasyon peyi Etazini klase kòm teworis.

Etazini te mande pou sezi avyon an, paske selon motif yo bay, se yon avyon konpayi iranyen Mahan Air bay vann bay Emtrasur, filyal konpayi aviyasyon piblik venezyelyen Conviasa nan mwa Oktòb 2021, li an vyolasyon ak sanksyon amerikèn yo.

Ajantin te remèt avyon bay peyi Etazini nan mwa Fevriye, sou rejim nouvo prezidans Javier Milei.

De prezidan sa yo venezyelyen ak ajanten, se de moun ki opoze ideyolojikman, yo kritike, menm joure youn lòt regilyèman.