Biden Pale sou Ayiti nan Dènye Diskou l Devan Asanble Jeneral LONU

Prezidan Etazini Joe Biden pwononse yon diskou devan 79em sesyon anyel Asanble Jeneral Nasyonzuni, Madi 24 Septanm, 2024.

Joe Biden bay dènye diskou li kom prezidan Etazini devan Asanble Jeneral Nasyonzuni.

Biden sèvi ak diskou li ki kouvri yon varyete sijè Madi pou l pale sou nesesite pou mete fen nan konfli Mwayèn Oryan an. Li mete aksan tou sou sipo Etazini ak alye Oksidantal yo ap bay Kyev apre envazyon Larisi a.

Prezidan an ensiste ke Etazini pa dwe bat yon retrèt fas ak mond lan e ke malgre konfli global yo li gen espwa pou lavni.

Diskou li vini nan moman Izrayèl ak militan Hezbollah yo nan Liban ap goumen nan sa anpil moun pè pral tounen yon lagè tout bon vre.

Pandansetan Izrayèl kontinye ap mennen operasyon kont Hamas nan Gaza kote anpil san koule. 7 Oktob va fè yon lane depi konfli sa a ap dewoule.