Harris ranmase $27 Milyon dola nan yon Kòlek Lajan ki Fèt nan New York

Democratic presidential nominee Vice President Kamala Harris' arrival at Andrews Air Force Base

NEW YORK (AP) — Vis Prezidan Kamala Harris te ranmase $27 milyon dola nan yon kòlèk lajan nan vil New York dimanch lan, selon yon kolaboratè kanpay Harris la, se pi gwo kantite lajan li leve depi li pran plas sou bilten vòt yo nan men Prezidan Joe Biden.

Daprè kolaboratè sa a, ki pa t vle non l site nan detay prive sou fon yo, malgre Harris gen plis lajan lontan pase ansyen Prezidan Donald Trump, l ap kanmenm toujou bezwen lajan pou l ka kenbe konpa konpetisyon ak piblisite byen chè gwoup ekstèn ki sipòte Trump yo ap fè.

Leve fon sa a te fèt nan Cipriani Wall Street nan yon gwo sal dans nan stil Grèk ki gen plis pase douz kolòn. Pifò nan foul la te kanpe kotakot pandan Harris te kritike Trump ki te refize fè deba avè l ankò.

Harris te di foul la “Advèsè mwen sanble ap chèche yon eskiz,”. “Mwen santi nan tout mwen menm, nou dwe pèp Ameriken an ak votè yo, yon rankont ankò anvan jou eleksyon an.”

Li te repete jounalis yo sa ankò, apre li te fin ateri Washington, “Nou gen anpil bagay pou diskite.”

Samdi Trump te rejte lide plis deba, li te di “se deja twò ta.”

Nan yon rasanbleman nan Wilmington, North Carolina li te di “Vot yo deja kòmanse,”. Votè yo te depoze premye bilten vòt pou moun ki vle vote bonè yo semèn pase a nan Minnesota, South Dakota ak Virginia, eta ki te ofri premye opòtinite pou vote bonè pèsòn . Apeprè yon douzèn lòt eta ap gen pou swiv anvan mitan oktòb.

Harris te di tou li pral fè yon diskou Mèkredi ki pral esplike vizyon ekonomik li, li te di gen “plis bagay nou ka fè pou envesti nan aspirasyon ak anbisyon pèp Ameriken an pandan n ap adrese defi yo ap fè fas.”

Li te site kòm egzanp pri pou posede yon kay ak bil pou manje ki twò wo.