Ikrèn: Zelensky al Prezante "Plan Viktwa" li nan Peyi Etazini

Ukrainian President Volodymyr Zelensky speaks during a joint press conference with European Commission President in Kyiv, on September 20, 2024, amid the Russian invasion in Ukraine.

Prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky, te rive dimanch swa nan peyi Etazini, kote l al prezante bay prezidan ameriken an Joe Biden ak Kongrè a detay sou "plan viktwa" li ki vize mete fen nan envazyon Ris la nan peyi li.

M. Zelensky te kòmanse ak yon vizit nan yon faktori zam nan Pennsilvani (lès), ki pwodui sitou bonm 155 mm, Ikrèn itilize anpil fas ak fòs Ris yo.

Nan yon mesaj li te pibliye sou rezo sosyal X li te di : “Mwen te kòmanse vizit mwen Etazini ak temwayaj rekonesans mwen pou tout anplwaye faktori a,” Li te ajoute tou : “Se nan kalite kote sa yo nou wè vre mond demokratik la ka triyonfe".

Chèf Leta ikrenyen an ap vizite New York ak Washington, kote M. Biden gen pou resevwa l jedi nan Mezon Blanch.

M. Zelensky, ki estime “otòn sa a ap desizif pou rès” gè a, te anonse omològ ameriken an ap “premye moun ki ap okouran detay” sou pwopozisyon li genyen pou mete fen nan konfli li ak Larisi a.

Li te di “Lagè sa a pa ka fini lòt jan ke nan lapè gras ak jefò entènasyonal. Plan viktwa Ikrèn lan ap sou tab tout alye nou yo,”.

M. Zelensky te ajoute sou X : “Objektif prensipal la se pou ranfòse Ikrèn ak pwoteje tout pèp nou an,”

Pandansetan, lidè ikrenyen an vle tou prezante plan li bay Kongrè a ansanm ak “de kandida pou pòs eleskyon prezidansyèl yo,” vis prezidan demokrat Kamala Harris ak ansyen prezidan repibliken Donald Trump.

Li te fè konnen apre sa li vle prezante l bay “tout lidè peyi patnè nou yo.”