Bipè Pyeje: Maduro Mande pou Pa Aksepte Aparèy Elektwonik Kòm Kado Nwèl

This handout picture released by the Venezuelan Presidency shows Venezuelan President Nicolas Maduro speaking during a meeting with the Productive Economy Council in Caracas on September 19, 2024.

Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, te lanse yon apèl vandredi a bay gouvènman li an ak patizan li yo pou pa aksepte aparèy elektwonik kòm kado Nwèl, akoz yon seri eksplozyon ki fèt ak bipè epi lòt ekipman kominikasyon Ezbola nan Liban.

“Pa aksepte kado elektwonik (...) fè atansyon ak telefòn, selilè yo,” se sa lidè a te di nan yon deklarasyon ki te difize sou radyo ak televizyon.

Maduro mande tou pou tout “ministè, enstitisyon ak antrepriz leta” priyorize achte “objè atizanal ak jwèt ki fèt nan Venezyela” pou echanj kado pandan “fèt Nwèl Venezyelyen yo.”

Li te avanse dat la pou premye oktòb “nan omaj” ak popilasyon peyi a, ki souke ak pwoblèm kontestasyon depi reyeleksyon li 28 jiyè a.

Plizyè santèn bipè ak transmetè mouvman islamis libanè Ezbola a, ki jwen soutyen nan men Iran ki se alye Amas palestinyen an, te eksploze nan tout Liban madi ak mèkredi pandan yon atak san parèy ki te lakòz 37 moun mouri ak prèske 3,000 lòt blese.

Premye vag eksplozyon bipè yo te rive madi kèk tan apre Izrayèl anonse li ap elaji objektif lagè li jouk nan fwontyè nò a, sa vle di fwontyè ak Liban, pou pèmèt plizyè dizèn milye moun ki te deplase akoz vyolans yo retounen lakay yo.

Ezbola ak Liban te akize Izrayèl nan kesyon aparèy pyeje sa yo. Izrayèl bò kote pa l pa t fè kòmantè sou atak sa yo.

“Dwa entènasyonal imanitè entèdi itilizasyon aparèy pyeje ki gen aparans objè inofansif,” se sa Volker Türk, Komisyonè Siprèm LONI pou Dwa Moun, te raple vandredi a.

Li te ajoute : “Se yon krim lagè pou fè vyolans ki vize pwopaje laterè pami sivil yo,”