Diddy te Konn Fè Evènman Seksyèl "Freak Offs" Pou Fòse Medam Fè Sèks ak Travayè Sèksyel Gason Li yo

Sexual-Misconduct-Diddy

Lajistis mete akizasyon kriminèl kont Sean "Diddy" Combs pou sa ke lajistis Ameriken dekri tankou trafik sèks ak rakèt.

Akizasyon an te vin piblik apre ajan federal te arete Combs ki gen 54, nan Manhattan kote Lendi (16 septanm) nan, apre yon ane kote karyè li te sibi anpil frap.

Mizisyen an te fè fas ak plizyè pwosè kote yo akize l de 'abi fizik ak seksyèl.

Combs, yon rapè ak pwodiktè, te yon gwo figi nan mond hip-hop nan ane 1990 yo ak ane 2000 yo. Li ap fè fas ak 3 akizasyon kriminèl ki gen ladan: rakèt konplo; trafik sèks fòse , fwod; ak transpòtasyon pou angaje plizyè sitwayen nan pwostitisyon.

Marc Agnifilo, yon avoka Combs, te di devan tribinal federal Manhattan madi (17 septanm) ke Combs te "pral plede non koupab". Agnifilo di li "pral lite pou jwenn liberasyon atis la."

Agnifilo te ajoute ke Combs te deplase volontèman pou ale nan New York an atant akizasyon yo.

Dapre dokiman akizasyon 14 paj la, Combs te fè anpil biznis li nan yon antrepriz kriminèl kote li menm ak asosye yo te angaje nan trafik sèks, travay fòse ak lòt krim.

Akizasyon an te di Combs te menase epi fòse fanm yo pou yo "satisfè dezi seksyèl li yo," epi pandan plizyè okazyon ozalantou ane 2009 la li te atake fanm "frape yo, ba yo kout pwen, trennen, voye objè sou yo, ak choute yo."

Pwokirè yo te di ke Combs te bay medam yo dwòg e sipòte yo finansyèman an echanj pou patisipasyon yo nan aktivite seksyèl ak travayè sèksyel gason li genyen yo.

Li se youn nan pi gwo atis nan endistri mizik la ki ap fè fas ak gwo akizasyon kriminèl pou move konduit seksyèl li te geneyen depi apre R. Kelly, chantè R&B la.

Lajistis te kondane Kelly pou li al pase 31 ane nan prizon apre li te jwenn kondanasyon li nan New York an 2021 ak nan Chicago nan 2022 sou akizasyon ki gen ladan trafik sèks, rakèt ak krim seksyèl kont timoun.

Combs, ki te koni tou pandan karyè li kòm P. Diddy ak Puff Daddy, te fonde label Bad Boy records.

Men repitasyon li te vin pran gwo frap nan mwa Novanm apre lè ansyen mennaj li Casandra Ventura, yon chantè R&B ke yo rele Cassie, te akize l nan yon pwosè abi fizik, esklavaj seksyèl ak vyòl pandan relasyon yo te genyen ki te dire 10 ane.

Li te dakò ak yon antant pou li pa divilge akizasyon sa yo apre li te eseye trennen misye devan lajistis, malgre Combs te demanti akizasyon li yo.

Combs te fè fas ak plizyè lòt pwosè sivil ke fanm ak gason te akize l 'de agresyon seksyèl ak lòt move konduit.

Avoka li yo te konbat ka sa yo nan tribinal la.

Sa gen sis mwa, ajan federal yo te desant de lye kay Combs yo nan kay li gen Los Angeles ak Miami Beach, Florid.

Pouvwa ak Popilarite

Dapre akizasyon an, Combs te itilize pouvwa li ak popilarite li pou atire fanm nan antouraj li ak enpreson li te ba yo ke li pral nan relasyon amoure ak yo, e apre li menase e fòse yo patisipe nan aktivite seksyèl ak travayè sèks gason pa li pandan li ap gade e li ap bat "laponyèt".

Combs te rele evènman sa yo "Freak Offs," ki ta ka dire plizyè jou epi pafwa li te filme mesyedam yo an kachèt.

Pwokirè yo te di ke anplwaye Combs yo te ede fè aranjman pou evènman yo lè yo te rezève chanm otèl yo epi yo te achte sibstans kontwole ak lòt bagay yo te itilize pandan yo tap fè sèks.

Lajistis te di ke otorite yo te jwenn dwòg ak 1,000 boutèy lwil bebe pandan desant delye yo te fè kay Combs yo.

Lòt Akizasyon

Lot pwosè sivil ke Combs ap fè fas gen ladan yon dosye ki te depoze semèn pase a pa chantè Dawn Richard, ki te akize l de agresyon seksyèl, kou, trafik sèks, diskriminasyon sèks ak fwod.