Venezyela: Otorite yo Fouke yon 4yèm Ameriken

Venezuela's Interior Minister Diosdado Cabello addresses the media

Yon katriyèm Ameriken jwenn arestasyon li nan Karakas pou yon swadizan konplo pou "asasine" Prezidan Nicolas Maduro, dapre sa otorite Venezyelyen yo di epi yo denonse "entèferans" Inyon Ewopeyen an ak Espay nan zafè sa a.

Madi Minis Enteryè a , Diosdado Cabello ki te devan Palman an te di "Yo te kaptire yon lòt sitwayen ki soti nan Amerik di Nò (...), nou t ap swiv li, nou te fouke li isit nan Caracas li tap pran foto enstalasyon elektrik, enstalasyon gaz, inite militè".

"mwen sèten ke li fè pati nan konplo a kont Venezyela: pou asasinen Prezidan Nicolas Maduro, (Vis Prezidan) Delcy Rodriguez ak mwen".

Otorite Venezyelyen yo te anonse samdi arestasyon 3 Ameriken, 2 Espayòl ak yon Tchekoslovaki, e yo te sezi anviwon 400 fizi ki soti Etazini.

Lè sa a, Mesye Cabello te pale de yon swadizan plan ki gen entansyon "jenere vyolans" ak "destabilize" peyi a.

Li pa klè ki kote 7 etranje sa yo yo te jwenn arestasyon yo, ki akizasyon yo te pote kont yo ak si yo te prezante pa avoka yo e si yo ale devan yon jij malgre ensistans soti nan Washington, Madrid ak Prag.

Arestasyon sa yo vini nan yon kontèks kote gen gwo tansyon ant Venezyela ak Etazini, osi byen ke ak Espay, sou re-eleksyon Prezidan Maduro ke yo konteste.

Jiskaprezan peyi Inyon Ewopeyen yo refize rekonèt yon ganyan nan eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a, alòske Washington rekonèt kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia kòm prezidan eli.