Yon Nouvo Seri Eksplozyon Frape Liban

Konbatan Hezbollah yo transpote sekey youn nan kanmarad yo ki mouri apre bipe yo eksploze nan Beirout, Liban, 18 Sept. 2024.

Plizyè eksplozyon sote Mèkredi nan lye kote yo tap chante fineray 3 manm Hezbollah ak yon timoun ki mouri nan eksplozyon "biper" ki te fèt Madi a, dapre sa jounalis Associated Press (AP) ki te sou plas rapòte.

Ministè sante Liban an di omwens yon moun mouri e plis pase 100 lòt blese Mèkredi nan eksplozyon aparèy elektwonik nan plizyè rejyon nan peyi a.

Yon responsab Hezbollah di AP ke "walkie-talkie" gwoup la eksploze e moun te ka tande bri eksplozyon an nan Beiwout.

Responsab la pale sou kondisyon pou non li pa site paske li pat gen otorizasyon pale ak laprès.

Sekrete d Eta Antony Blinken kap vizite Ejipt di Etazini pat o kouran atak la.

"Pa rapò ak Liban, Etazini pa te o kouran ensidan sa yo ni patisipe nan. Nap ranmase enfòmasyon toujou e an jeneral nou di kleman ke li enpòtan pou tout pati yo evite fe okenn bagay ki taka chofe konfli a pi plis alòske nap eseye rezoud konfli Gaza a."

Ajans nouvèl ofisyèl Liban an rapòte tou ke sistèm enèji solè yo te eksploze nan kay nan divès katye Beirout ak nan sid Liban.

Nouvo seri eksplozyon ki frape peyi a lakoz konfizyon ak kolè apre atak ak bonm "biper" yo ki sanble se yon atak konplike Izrayelyen ki vize manm Hezbollah yo.

Pòtpawòl Komisyon Dwa Moun Nasyonzuni, Ravina Shamdasani di atak nan Liban ak Siri yo chokan e ke enpak sou sivil yo pa akseptab.

"Fok gen yon anket endepandan, konplè e transparan sou sikonstans eksplozyon sa yo. Nou dwe trennen devan la jistis, moun ki òdone yo epi egzekite yo."

Eksplozyon yo dewoule yon jou apre sak te sanble yon atak Izrayelyen ki vize "biper" ke Hezbollah itilize. Omwens 12 moun mouri epi prèske 3 mil blese.

Pami viktim yo te gen 2 timoun. Nouvèl yo fè konnen bipè yo sote nan Liban epitou nan Siri.