Otorite Ohio di Pi Fò Menas Bonm yo Soti nan Peyi Etranje

Yon machin polis chita devan Otel de Vil Ohio a kote gouvenman an resevwa yon menas bonm epi oblije evakye Jedi maten nan Springfield, 12 Sept. 2024.

Lapolis eta Ohio pral ede pwoteje lekòl yo nan yon vil kap fè fas ak plizyè douzèn menas vyolans akoz yon pale anpil ki gaye nan tout peyi a e ki soulve kolè migran Ayisyen yo.

Gouvènè Ohio, Mike DeWine anonse nouvèl la Lendi pandan yon parèt li te fè nan Springfield.

"Nou resevwa omwens 33 menas bonm. Nou reponn chak e nou jwenn ke tout sete manti."

Otèl de vil Springfield la, plizyè lekol ak biwo leta ki jere tout sa ki gen pou wè ak machin ak chofè te oblije evakye semenn pase a akoz menas bonm yo te resevwa.

Dapre gouvènè a, se yon “aktè etranje” ki responsab pou yon bon valè nan menas yo, men li refize bay non okenn peyi.

Dan Tierney se potpawol Gouvènè DeWine:

"Majorite menas bonm yo soti nan peyi etranje. Pa 100%, men pifò nan yo.”

Gouvènè a di polisye ki konn fè patwouy sou otowout Ohio yo pral kanpe devan lekòl nan vil la apati Madi epi enspekte tout bilding lekòl yo chak maten.

Ameriken Bill Teager ak Paul Gomia te kondui ale Springfield soti nan Middletown, Ohio, lendi pou vizite restoran Ayisyen ki rele Rose Goute Creole. Yo di sete pou moutre sipò pou moun nan vil la.

Bill Teager: " Nou vinn isit la soti Middletown paske nou vekse pou sak pase vil sa a semen pase a ki fè bri nan nivo nasyonal e menm lokal.”

Li ajoute: "Nou te vle apiye yon biznis Ayisyen tou, epi fè yon vire nan vil la pou gade kijan bagay yo ye paske imaj ke yo prezante nan nivo nasyonal sou vil la, yo lèd anpil.”

Anne Harvey tap manje nan restoran Ayisyen an tou:

"Sa fè moun mal e mwen pa renmen sa. Pa paske mwen se avoka. Men paske mwen pa renmen ke moun paka travay. Moun yo pè. Gen menas bonm. Se yon bagay konplètman fou.”

Springfield anile selebrasyon divèsite, ar ak kilti ke li fè chak ane akoz menas yo.

Springfield te atire atansyon anpil moun sa pa gen lontan, apre ansyen Prezidan Donald Trump ak kolistye li, JD Vance te mete pi plis pase sa ki genyen lè li te bay manti kòm kwa migran Ayisyen yo ap manje chat, chen ak zwa moun vil la.

Prezidan Joe Biden eksprime sipò li pou kominote Ayisyèn lan nan pale li te fè ak laprès Dimanch.

"Mwen ta renmen pran yon moman pou di yon bagay pou Ameriken tankou Karine (Jean-Pierre) ki fyè dèske li se yon Ayisyèn Amerikèn. Yon kominote ki anba atak kounyela a nan peyi nou. Se yon bagay ki pa kòrèk. Pa gen plas pou bagay konsa Ozetazini. Fòk sa sispann. Sa misye (Donald Trump) ap fè a. Fòk sa sispann."

Potpawol Mezonblanch Karine Jean Pierre tou te pale sou sa pandan rankont li ak laprès.

“Mwen konsidere tankou yon atak pesonel nenpot ki lè yo atake yon kominote ki gen pwoblèm. Se pa selman kominote pa mwen ke mwen fyè de li men nenpot ki kominote frajil ke yo atake ak mechanste yon fason enjis.”

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press