Instagram Entwodui Kont Separe pou Tinedjè yo

Foto Achiv: Elev itilize telefon entelijan yo apre yo kite lekol pou jounen an, nan Los Angeles, 13 Out, 2024.

Enstagram entwodui kont separa pou tinedjè ki gen mwenske 18 an nan moman lap eseye rann platfòm nan pi si pou timoun. Gen anpil moun ki kritike Enstagram pou fason rezo sosyal la afekte lavi jèn jan yo.

Kont tinedjè yo ap prive. Mesaj yo ap gen restriksyon tou pou ke se sèlman moun yo suiv oubyen ki konekte avè yo ki ka resevwa yo.

Kontni "sansib" tankou videyo moun kap goumen oubyen sa yo kap pwomouvwa operasyon kosmetik ap limite tou, dapre sa Meta fè konnen.

Yo pral resevwa notifikasyon si yo pase plis pase 60 minit sou Enstagram epi lè app la ap antre nan mòd "dòmi a" yo pap resevwa okenn notifikasyon epi app la ap otomatikman reponn tout mesaj dirèk moun voye ba yo ant 10 zè ak 7 hè di maten.