Yon Vag Pager ki Eksploze Touye Omwens 8 Moun nan Liban, La Siri

Sekouris yo transpote yon mesye ki blese apre pager li eksploze nan lopital al-Zahraa nan Berout, Liban, 17 Sept. 2024.

Responsab Hezbollah yo di Associated Press omwens 2 pami manm li yo ak yon tifi mouri e plizyè santèn moun blese, lè nouvo kalite pager ke militan yo sèvi te eksploze atravè liban ak La Siri.

Medya nasyonal Libanè yo di eksplozyon yo Madi dewoule nan banlye Beirout ak lot pati peyi a.

Yon responsab Hezbollah di li kwè se Izrayèl ki dèyè atak sa a.

AP mande lame Izrayèl komantè men li derefize.