TikTok Ale nan Tribinal Kont Yon Lwa Ameriken ki taka Entèdi Platfòm nan Ozetazini

FILE PHOTO: Illustration picture of TikTok logo

Gouvènman Ameriken an ak TikTok pral ale nan tribinal federal pou kòmanse agiman oral yo nan yon dosye legal ki pral detèmine avni TikTok pou kontinye fonksyone Ozetazini.

Avoka 2 pati yo pral parèt devan yon panèl jij nan tribinal apèl federal nan Washington.

TikTok ak konpayi ki kreye li li ki baze nan Lachin, ByteDance, ap defye yon lwa ameriken ki egzije pou ByteDance vann TikTok ak yon lòt konpayi oswa fè fas a yon entèdiksyon nan peyi Etazini nan mitan mwa janvye a.

Etazini konsidere TikTok kòm yon menas sekirite nasyonal akòz koneksyon li ak Lachin.

Men, konpayi an te diskite ke lwa yo te itilize pou rezoud enkyetid sa yo pa konstitisyonèl.

Batay legal la te kapab rive jouk nan Kou Siprèm Ameriken an.