Ofisye Peyi Beliz, ak Jamayik Debake Pòtoprens Pou Vin Mennen Batay Kont Gang Yo

HAITI-VIOLENCE/

Yon premye gwoup 24 ofisye Jamayiken ak ofisye Beliz te rive jedi 12 septanm Ayiti pou sipòte fòs miltinasyonal la an Ayiti nan kad misyon yo genyen pou yo akonpaye PNH la batay kont gang yo.

Nan mwa mas, Jamayik te fòmèlman pwomèt 200 pèsonèl pou misyon an ki gen apwobasyon Nasyonzini, men deplwaman fòs sekirite a gen reta nan deplwaman li e manda li te genyen ap ekspire nan mwens pase yon mwa si yo pa renouvle l.

Se Kenya ki nan tèt misyon an, li pwomèt pou deplwaye 1000 polisye men aktyèlman yo gen 400 polisye an Ayiti.

Fòs Defans Beliz la te deplwaye 2 ofisye wo nivo ansanm ak polisye Jamayik sa se kontribisyon pa yo nan fòs miltinasyonal la.