Trump Konsidre Kòm 'Ofans' Sipò Putin Pou Harris

Ansyen prezidan Donald Trump, samdi 7 septanm, te di li te ofanse pa andòsman prezidan Ris la Vladimir Putin pou rival Demokratik li, Vis Prezidan Kamala Harris.

Kòmantè Trump yo vini apre prezidan ris la Putin te di li vle pou Kamala Harris genyen eleksyon prezidansyèl Ozetazini e li te site “souri l” kòm you nan rezon ki fèl li prefere l pase Donald Trump.

Trump te di sipòtè yo nan yon rasanbleman nan Mosinee, Wisconsin, anvan yo te poze kesyon si Putin te fè remak la "ak yon souri" "Li te andose Kamala.

Trump di: "Mwen te vekse anpil pa sa. Mwen mande poukisa li te andose Kamala. Non, li se yon jwèt echèk".

Putin te fè remak ironik la yon jou apre Depatman Lajistis Ameriken te akize deske medya Ris pou yon swadizan konplo ilegal pou enfliyanse eleksyon Novanm parapò ak pwopagann Larisi yo.