Ansyen Depite Repibliken Liz Cheney Andòse Kamala Harris pou Prezidans Etazini

Foto Achiv: Depite Repibliken Liz Cheney, ki reprezante eta Wyoming nan La Chanm e ki se ko-direktris komite kap mennen anket sou atak 6 Janvye a.

Ansyen depite Repibliken Liz Cheney deklare li pral vote pou kandida Demokrat Kamala Harris nan eleksyon prezidansyèl la.

Cheney anonse nouvèl la pandan yon evenman nan Inivèsite Duke nan eta Kawolin di No Mèkredi swa.

Cheney se yon Repibliken konsevatè ki te ko-dirije komisyon ki te mennen ankèt sou atak 6 Janvye kont Capitol la. Li te vinn tounen yon gwo kritik Trump e ansyen prezidan an te sible syèj li, kote li te reprezante eta Wyoming pandan eleksyon primè Repibliken ane 2022 yo.

Cheney te pèdi eleksyon sa a.

Li pa mete dlo nan bouch li pou l pale sou danje li kwè Trump reprezante pou demokrasi.

Mekredi li di elektè yo pa gen "luks" pou yo chwazi yon lot kandida pou anpeche Trump repran prezidans la.