Anviwon 20 Imigran disparèt, dapre Nouvèl yo, Apre Bato ki T ap Pote yo te Chavire sou Kot Peyi Itali

Para migran dipindahkan dari kapal milik LSM Aita Maria ke kapal Italia, Rubattino di lepas pantai Palermo, Italia, Minggu, 19 April 2020. Mereka dipindahkan untuk dikarantina karena wabah virus corona (Covid-19).

WÒM (AP) —Anviwon 20 imigran disparèt apre bato yo a te chavire nan lanmè Mediterane semèn sa a.

Gad kòt Italyen fè konnen yo sove 7 Siryen e mennen yo nan zile Lampedusa, nan sid Itali.

Reprezantan ajans refijye Nasyonzini an nan peyi Itali di sivivan yo "nan yon kondisyon kritik e ke plizyè moun pèdi fanmi yo."

Gad kòt fè konnen sivivan yo di ke yo te kite Libi 1ye Septanm ak 28 moun abò men ke 21 nan yo, pami yo twa timoun, te tonbe nan dlo akoz move tan.

Pati santral Mediterane a se youn nan wout migrasyon kote moun mouri pi plis nan mond lan.

Ajans migrasyon Nasyonzini an di 1,047 migran mouri oswa disparèt ane sa nan wout sila.