Depite Repibliken Lachanm Konvoke Blinken pou l Temwaye sou Retrè Twoup Ameriken yo nan Afganistan

US Secretary of State Antony Blinken speaks to reporters on the tarmac in Doha on August 20, 2024.

WASHINGTON (AP) — Depite La Chanm Repibliken yo konvoke Sekretè Deta ameriken Antony Blinken pou l vin temwanye devan yo pandan y ap fini ankèt yo sou retrè kawotik Etazini te fè nan Afganistan.

Detipe Michael McCaul, ki se pwezidan Komite Afè Etranjè Chanm nan, te voye yon lèt asitasyon Madi pou l mande Blinken pou parèt devan komite a anvan 19 septanm oswa fè fas ak yon akizasyon pou mepri.

Pòtpawòl Depatman Deta Matthew Miller te reponn ke Blinken pa kapab temwaye nan dat komite a pwopoze paske li pral vwayaje pou travay pou majorite mwa septanm nan.

Pòtpawòl la te deklare ke komite a te refize yon lòt "altènativ ki rezonab".