Travayè Otèl yo Make Fèt Travay Ameriken ak Grèv

Travaye otel yo plante piket yo devan otel Westin St. Francis nan vil San Francisco, 2 Sept. 2024.

Plis pase 10,000 anplwaye 25 otèl Ameriken ap fè grèv. Yo chwazi wikèn Fèt Travay Ameriken an pou anplifye demann yo pou pi bon sale, pi bon kondisyon travay epi pou mande otèl yo ranvèse rediksyon yo te fè pandan epòk Pandemi a.

Sendika UNITE HERE deklare Lendi ke 200 travayè nan otèl Hilton Baltimore Inner Harbor te rejwenn grèv la. Prèske mwaye pami moun ki fe menaj yo ak lòt travayè nan domèn ospitalite a ap fè grèv nan Honolulu, Hawaii.

Plizyè milye lòt ap fè grèv nan Boston, Sanfrancisco ak Seattle.

Grèv yo vize otèl Marriott, Hilton ak Hyatt yo e yo dire 3 jou.

Sendika moun ki fe menaj yo vle re-enstale netwayaj otomatik kotidyen chanm yo. Yo di yo gen twòp travay kounyea e yo pa fè ase lajan.