Izrayèl di Li Touye yon Militan Hamas

Palestinyen gade tach san nan zon kote yon atak lame Izrayelyen an dewoule nan Tulkarem, Sisjodani 3 Septanm, 2024. Palestinyen yo di gen 2 moun ki mouri.

Lame Izrayèl la te di Madi ke li touye yon militan Hamas ki te patisipe nan atak ki te lanse sou Izrayèl nan mwa Oktob la.

Yo di yo te wè l nan yon videyo anpil moun te gade, kote militan tap bwè soda devan 2 timoun ki te blese nan yon atak grenad ki te touye papa yo.