Latiki Soumèt Demand Pou Rantre nan BRICS

Turkish President Tayyip Erdogan addresses his supporters during a meeting in Ankara

Latiki te soumèt yon demand pou peyi li rantre nan blòk peyi émerjan ki rele Brics la, ki gen ladann :Brezil, Larisi, Lend, Lachin, Lafrik di sid, dapre sa pòtpawòl pati sou pouvwa a te di nan Madi 3 septanm nan.

Ömer Çelik, ki se pòtpawòl Pati Jistis ak Devlopman (AKP, Islamo-konsèvatè) di:

"Pwezidan nou an te deklare plizyè fwa ke nou vle vin manm Brics (...) Pwosesis la sou pye".

"Si gen yon devlopman konkrè konsènan manm nou nan BRICS, yon desizyon oswa evalyasyon BRICS, nou pral pataje li avèk ou," Mesye Çelik te di nan yon konferans pou laprès.

"Prezidan nou an te deklare klèman ke Latiki vle patisipe nan tout platfòm enpòtan yo, ki gen ladan BRICS."

Brics tabli an 2009. Blòk la te rejwenn Lafrik di sid nan 2010, epi li te elaji depi lè sa a nan plizyè lòt peyi pou rive enkli peyi Lejip ak Iran.

Prezidan Erdogan an Jiyè, te di "Nou pa konsidere BRICS yo kòm yon altènativ a nenpòt lòt estrikti a.