Venezyela: Lajitis Konvoke Kandida Opozisyon an Yon Twazyèm Fwa Avan yo Lanse Yon "Manda Arestasyon"

(FILES) Venezuelan opposition presidential candidate for the Plataforma Unitaria Democratica party, Edmundo Gonzalez Urrutia, attends an event with the Primero Justicia opposition party in Caracas on May 31, 2024.

Biwo avoka gouvènman Venezyelyen an konvoke yon twazyèm fwa pou vandredi, kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia, ki di se li menm ki genyen eleksyon prezidansyèl la.

Otorite yo avèti l ke si li pa prezante vandredi yap mete yon "manda arestasyon" dèyèl li.

Misye Gonzalez Urrutia, ki pa te vini nan 2 premye envitasyon yo, dwe "parèt 30 Daout kap vinin an a 10:00 a.m. lè lokal (2:00 p.m. GMT)" pou fè tande li nan yon depozisyon.