Fòs Izraelyen Yo Mennen Yon Operasyon nan Sisjòdani

  • Serge Michel

27일 이스라엘이 점령한 서안지구 툴카름에 있는 누르 샴스 난민 캠프에 드론 공격의 흔적이 남아 있다.

Fòs izraelyen fè desant dè lye e lanse frap aeryen mèkredi nan Sisjòdani okipe kote yo touye 9 moun pou pi piti.

Lame Izrayèl la rapòte ke li te mennen operasyon kont teworis nan Jenin, Tulkarm ak nan zonn kan refijye Al-Far’a, kote yo di yo touye 9 militan pou pi piti.

Sosyete Kwa Wouj Palestinyen an di li transpòte kadav 9 moun soti nan zonn sa yo, anplis de 13 lòt moun ki blese nan atak Izrayèl yo.

Minis Afè Etranjè izrayelyen Israel Katz di sou rezo X mèkredi Izrayèl dwe aji kont menas teworis nan Sisjòdani menm jan li fè nan Gaza, e li akize Iran kòmkwa li ap finanse epi ame militan nan Sisjòdani.