Venezyela: Kandida Opozisyon an Boude Pou Yon Dezyèm Fwa Envitasyon Tribinal la

Venezuela Election

Kandida opozisyon an ki di ke se li menm ki genyen eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a nan Venezyela, Edmundo Gonzalez Urrutia, boude pou yon dezyèm fwa konvokasyon pou li te parèt ankò madi 27 dawout la devan tribinal, nan kad yon ankèt pou usurpasyon nan fonksyon.

Msye Gonzalez Urrutia k ap viv nan kache depi 3 semèn te sipoze parèt nan biwo pwosekitè piblik la a 10:00 a.m. lè lokal (2:00 p.m. GMT).

A 10:30 a.m. lè lokal, Jounalis AFP yo te note ke li poko parèt.

Lendi, li pa reponn - li te boude envitasyon an , menm jan li pa te patisipe nan sa yo nan Tribinal Siprèm lan.

Madi maten, kowalisyon opozisyon an Platfòm Inifòm (PU) denonse l sou rezo sosyal la yo:

"Konvokasyon repete (...) konstitye yon vyolasyon klè dwa pou libète ekspresyon," yo kontinye pou yo di yo gen krentif kounyea a ke pral gen "yon manda ekzekisyon (mandat arestasyon) kont kandida yo fè kwè ki genyen prezidansèl la. '.

Ansyen anbasadè 74-zan ki nan kache di pa gen "garanti endepandans" nan sistèm jidisyè a.