Venezyela: Lajistis Konvoke Kandida Opozisyon Apre li Te Boude Premye Konvokasyon an

(FILES) Venezuelan opposition presidential candidate for the Plataforma Unitaria Democratica party, Edmundo Gonzalez Urrutia, attends an event with women in Caracas on June 11, 2024.

Pwokirè Jeneral Tarek William Saab di AFP, lajistis te konvoke kandida opozisyon Venezyelyen an, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki reklame viktwa nan eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a, madi - apre li te boude konvokasyon li a lendi.

Misye Gonzalez Urrutia di: "yo konvoke (pou parèt) yon dezyèm fwa devan biwo pwokirè piblik la nan Madi," nan yon mesaj li voye bay AFP.

Misye Gonzalez Urrutia, ke yo dwe tande nan kad yon ankèt pou sitou "uzurpasyon fonksyon", pa te parèt nan premye konvokasyon an lendi a 10:00 a.m.