Macron di Arestasyon Chèf Telegram nan Pa Politik

Foto Achiv: Ko-fondate Telegram, Pavel Durov nan Jakarta, Endonezi 1 Out, 2017.

Prezidan Franse a, Emmanuel Macron deklare arestasyon nan peyi La Frans PDG aplikasyon popilè Telegram, Pavel Durov, se pat yon mezi politik men pito sa fè pati yon ankèt endepandan.

Nan premye komantè ofisyèl La Frans fè sou arestasyon an, Macron pibliye yon mesaj sou rezo X Lendi pou di La Frans pran "gwo angajman" vizavi libète ekspresyon men "libète sa yo tonbe nan kad legal ni sou rezo sosyal yo ni nan lavi aktyèl la pou pwoteje sitwayen yo epi respekte dwa fondamantal yo."

Medya Franse yo rapote kijan yo te arete Durov nan yon ayewopò nan Paris Samdi apre yo te pibliye yon manda darè ki akize l kòm kwa platfòm ni ap sèvi pou blanchiman lajan, trafik dwòg ak lòt krim ankò.