Izrayèl ak Hezbollah Libanè a Bat yon Retrè Apre Echanj Gwo Kout Zam Pandan Wikenn nan

Travayè Defans Sivil yo enspekte sak rete de yon machin ki boule nan yon frap ayeryen Izrayelyen nan vil Sidon, Liban, 26 Out, 2024.

Izrayèl ak Hezbollah Libanè a bat yon retrè apre echanj gwo kout zam yo pandan wikèn nan ki te soulve kè sote pandan yon ti tan dèske yo bon jan lagè tapral pete nan zòn nan.

Sepandan, konfli a ki dire depi plizyè dizèn lane poko prèt pou fini. Tansyon rejyonal yo toujou wo pa rapò ak konfli Gaza a e obsèvatè yo atann yo aske yon lòt bagay taka pete nempòt kilè.

Lidè Hezbollah a Hassan Nasrallah pa ekate posibilite pou yo ta lanse yon lòt atak revanj pou frap ayeryen Izrayèl te lanse mwa pase a, ki touye yon komandan wo plase.

Premye Minis Benjamin Netanyahu di "istwa a poko fini."