Trump Fè Premye Miting li Deyò Depi li te Manke Pèdi Lavi l nan yon Tantativ Asasinay

Sen kote kandida prezidansyel Repibliken, ex-Prezidan Donald Trump pral pran la pawol nan Asheboro, Kawolin di No, 21 Out, 2024.

Donald Trump ap fè premye miting li deyò depi li te pase raz ak pèdi lavi li nan yon tantativ asasinay mwa pase a.

Sèn kote Trump te kanpe a nan Mize Avyasyon ak Galri Selebrite Kawolin di Nò a te gen vit ke bal paka pèse, ki te fòme yon miray pwoteksyon ki travèse sèn nan.

Te gen silenn ki anpile sou tout perimèt espas kote li te ye a pou kreye lòt miray ki anpeche moun ki a distans wè andan espas la, epi yo te plase ansyen avyon dèyè sèn nan epi gen gru ki kenbe yon gwo drapo ameriken.

Ansyen prezidan an gen pou li pale sou sekirite nasyonal mèkredi apremidi nan kad efò li pou detounen atansyon ki te sou Konvansyon Nasyonal Demokrat la.