Blinken Rive Katar nan yon Misyon pou Chache yon Kanpo nan Lagè Gaza a

Sekrete d Eta Antony Blinken salye Minis d Eta Katar la Dr. Mohammed bin Abdulaziz Al-Khulaifi nan Doha, Katar, 20 Out, 2024

Sekretè Deta Etazini Antony Blinken rive nan Doha, nan peyi Katar, jodi madi a nan pwochen etap yon efò diplomatik pou jwenn yon kanpo nan lagè Gaza a ak yon antant pou lage otaj yo pandan gen domèn enpòtan kote Izrayèl ak Hamas pako ka antann yo.

Blinken te rankontre anvan sa nan jounen an nan vil Kèr ak Prezidan Ejip Abdel-Fattah El-Sisi, ki se prezidan yon peyi ki ap sèvi kòm medyatè nan chita-koze mode-lage ki ap fèt depi dè mwa ak Etazini e ak Katar. Sisi di apre rankont la ke li lè pou gen yon fen nan lagè Gaza a ki la depi 10 mwa e li avèti ke konfli a ka laji nan rejyon an.

Blinken, ki te vizite Izrayèl ayè lendi a fè konnen Premye-miinis izraelyen Benjamin Netanyahu te aksepte yon pwopozisyon Etazini ki ap chache redui mezantant ant 2 kan yo apre chita-koze semenn pase a ki pa te debouche sou okenn solisyon, e li te ekzòte Hamas pou aksepte pwopozisyon an tou.