Depatman Trezò Etazini Pran Sanksyon Kont Ex-Prezidan Michel Martelly pou Trafik Dwòg

Foto Achiv: Prezidan Ayisyen Michel Joseph Martelly nan vil Berlen nan peyi Almay, 29 Oktob, 2014.


Depatman Trezò Etazini anonse Madi (20 Out) ke li pran sanksyon kont èx-Prezidan Ayisyen Michel Martelly pou trafik dwòg.

Nan yon nòt de près li pibliye, Depatman Trezò a di: "Aksyon jodia kont Martelly mete aksan sou wòl destabilizan siyifyan limenm ak lot elit koronpi Ayisyen yo jwe nan pèpetye kriz Ayiti a."

Sou Sekretè Depatman Trezo pou Teworism ak Entelijans Finansye, Bradley T. Smith ajoute: "Etazini ansanm ak patnè nou yo pran angajman pou bloke tout moun ki fasilite trafik dwòg, koripsyon ak lot aktivite ilegal ki ede pwopaje zak vyolans terib gang yo epi enstabilite politik."

Your browser doesn’t support HTML5

Etazini Sanksyone Ex-Prezidan Ayisyen Michel Martelly

Dapre Depatman Trezò, aktivite gang yo ak abi dwa moun kap dewoule Ayiti soutire aktivite trafik dwog yo e li di Ayiti vinn tounen yon pwen tranzit pou dwòg ilegal antre Ozetazini.

Yo di anpil boujwa ak politisyen mele nan trafik dwòg depi lontan e Etazini rann yo responsab pou zak vyolans ki destabilize Ayiti.

Depatman Trezò akize Martelly deske li te sèvi ak enfliyans li pou fasilite trafik dwòg danjre - pami yo kokayinn - ki gen kom destinasyon Etazini. Met sou sa li akize Martelly dèske li mele nan blanchiman lajan benefis yo fè sou lavant dwog yo e ke li travay ansanm ak trafikan dwog Ayisyen epitou apiye plizyè gang Ayisyen.

Gouvènman Kanada te pran sanksyon kont Martelly 17 Novanm 2022.

Ki Enpak Sanksyon Sa Yo Pral Genyen?

Sanksyon sa yo jele byen Martelly epi entèdi Ameriken fè biznis ak misye.

- Enstitisyon finansye Ameriken entèdi prete Martelly lajan ni ba li kredi

-Sanksyon yo entèdi okenn echanj etranje ki tonbe anba juridiksyon Etazini

-Ameriken entèdi envesti ni achte byen nan konpayi Martelly yo

Depatman Trezò di moun ki vyole sanksyon sa yo taka fè fas ak penalite kriminèl. Moun ki pa sitwayen Ameriken entèdi tou konplote pou eseye enfliyanse oubyen twonpe sitwayen Ameriken pou yo vyole sanksyon sa yo.